Chache Konn Dwa W: Videyo pou nou defann tèt nou reyalize pa Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen

Se òganizasyon HWHR (Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen) ki fè videyo “Chache Konn Dwa w” sila a ansanm ak BCRW (Sant Barnard pou Rechèch sou Fanm). Òganizasyon “Take Root Justice” bay bon kou kolaborasyon ak sipò nan travay la. Pwojè a se yon resous pou mete zouti nan men refijye ki travèse fwontyè Meksik pou rantre Ozetazini san otorizasyon pou yo ka defann tèt yo nan chimen pou yo jwenn azil oswa regilarize estati imigrasyon yo. “Take Root Justice” ak Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen te travay ansanm pou ateri yon tèks ki kout epi anmenm tan kòrèk ki chita sou atelye 2 òganizasyon sa yo ap fè pou ede refijye yo depi plizyè lannen. Se yon videyo ki fèt pou refijye Ayisyen. Pou respekte lang refijye Ayisyen sa yo, videyo an fèt nan lang Kreyòl epi nan lang Angle ak prezantatè ki konnen reyalite refijye Ayisyen k ap aplike pou azil yo ap konfwonte.

Pou plis enfòmasyon, ale nan sit entènèt: haitianrefugees.org